Kredi Foto: @AJ Auxerre
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Jèn defansè santral franco-ayisyen an, Alvin Petit Dol, franchi yon etap enpòtan nan karyè l apre li fin siyen premye kontra pwofesyonèl li ak AJ Auxerre. Akò a, ki ofisyalize jodi 30 avril 2026 la, lye li ak klèb la jiska mwa jen 2027. Aprè li te sòti nan Stade de Reims an 2024, jèn jwè 19 lane a te kòmanse adapte li nan kategori jèn yo, kote li te jwe ak ekip U19 AJ Auxerre lan. Jèn defansè an pa t pran tan pou montre gwo potansyèl li kote l te gen opòtinite jwe avèk rezèv la nan National 3. Pandan sezon sa, Alvin Petit Dol patisipe nan 17 match, ladan yo 16 kòm titilè. Regilarite ak pèfòmans li yo te atire atansyon estaf teknik la, ki te entegre li plizyè fwa nan gwoup pwofesyonèl la, ki gen nan tèt li Christophe Pélissier.
Malgre li poko fè premye aparisyon li nan Ligue 1 an, Petit Dol deja prezan sou fèy match pandan 8 fwa sezon sa. Premye kontra pwofesyonèl sa montre konfyans klèb la genyen nan jèn jwè an ak avni li nan foutbòl pwofesyonèl la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou