Kredi Foto: @FICA
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
FICA voye nouvèl jodi dimanch 26 avril la nan Gwoup Nò a, lè li ranpòte yon viktwa enpòtan (1-2) sou Racing FC nan Parc Vincent an. Yon rezilta ki mete ekip Okap la ak yon pye prèske nan gran final la, kote Violette AC deja ap tann advèsè li.
Nan yon rankont ki te chaje ak entansite epi presyon, FICA te montre matirite ak detèminasyon yon ekip ki gen anbisyon pou ale lwen. Jwè yo pa t pran tan pou enpoze yo, lè St. Jean Sandinio te louvri eskò a depi nan 10èm minit la, mete vizitè yo devan byen bonè.
Racing FC te eseye reponn, epi efò yo te bay rezilta nan 63èm minit lè Renelus M. Kenley te remete de (2) ekip yo a egalite. Men FICA pa t lage. Avèk yon jwèt ki te byen òganize, se Joly Ersen ki te pote delivrans lan nan 74èm minit la ak gòl viktwa a, yon reyalizasyon ki ka gen anpil valè nan kous pou final la.
Avèk siksè sa a, Kapwa yo monte pou kont yo nan tèt Gwoup Nò a ak 10 pwen apre senk jounen, pandan match nil (0-0) ant Baltimore (8 pwen) ak Tempête (8 pwen) la te vin favorize l plis toujou.
Rezilta sa yo mete FICA nan yon pozisyon trè favorab pou pran sèl plas Gwoup Nò a nan gran final la. Ekip la gen desten li nan men li, epi yon bon rezilta nan dènye jounen an ta sifi pou valide yon afich ki ta ka fè anpil fanatik reve: FICA kont Violette AC pou tit la.
Yon final konsa ta mete fasafas de gwo non istorik foutbòl ayisyen an, nan sa ki ta ka youn nan pi bèl afich sezon an.
Tout kesyon yo pral jwenn repons yo jedi 30 avril 2026, lè dènye jounen pleyòf yo ap jwe. Tempête ak Baltimore toujou gen espwa, men FICA rete mèt sò pa li.
Aprè yon kanpay solid ak anpil disiplin, jòn ak vèt yo sèlman gen yon dènye etap pou franchi anvan yo rive nan gwo randevou a. Lè sa y ap resevwa Baltimore SC nan pak St Victor a, 4trè nan aprèmidi, pa bliye nan match ale a yo te fè (1-1).
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou