AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Marseillaises yo reyisi kenbe plas yo nan Arkema Première lan pou sezon k ap vini an

imaj atik la Kredi Foto: @OM Féminines

26 Avril 2026   Jacky Chéry   1219

Nan yon match avèk anpil presyon, Marseillaises yo pran yon twa pwen enpòtan kont Racing Club Lens avèk yon viktwa 1-0 ki pèmèt yo asire plas yo nan Arkema Première Ligue lan sezon k ap vini an.


Avèk kout men Corinne Diacre ki te pran tèt ekip lan nan mitan sezon an, Marseillaises yo rive atenn prensipal objektif yo te fikse pou sezon an. Gras ak Jody Brown nan 52èm minit, ble e blan yo genyen RC Lens nan yon match ki te desizif.

Yon jounen avan sezon regilye Arkema Première Ligue lan fini, Marseillaises yo matematikman p ap ka desann nan dezyèm divizyon, pandan yo kondane RC Lens ki pral gen pou jwe chans li nan dènye jounen an.

Malgre Tabita Joseph ak Maudeline Moryl pa t twò enplike sou tèren nan sezon an akoz yo pa t gen twòp tan pou jwe, sa pa anpeche posiblite yo genyen pou ta kapab jwe yon sezon anplis nan Arkema Première Ligue lan.

N ap note, nan match jodi a, defansè ayisyèn lan, Tabita Joseph, te jwe dènye segond yo avèk Corinne Diacre ki te fè l rantre nan tan adisyonèl (90+5).

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou