Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Violette AC valide tikè li pou final seri kloti chanpyona nasyonal Lig Ayisyèn Foutbòl la aprè rezilta 4èm jounen pleyòf yo nan gwoup Sid la.
Aprè gwo viktwa li te ranpòte avanyè sou America des Cayes (0-5), ekip ble e blan an te fè yon gwo pa nan direksyon final la. Ayè, sou teren Land des Gabions an, Don Bosco ak Juventus des Cayes fè match nil (0-0), yon rezilta ki konfime kalifikasyon Violette AC epi elimine Juventus des Cayes.
Avèk 4 pwen sou 12 posib, pandan gen de (2) dènye match ki rete pou jwe, Juventus pa gen okenn chans ankò pou rive nan final la. Rezilta a mete yon fen nan kous ekip Okay la nan seri kloti a.
Match nil ant Don Bosco ak Juventus la sitou pwofite Violette AC, chanpyon seri ouvèti a, ki vin premye ekip ki valide plas li pou final seri kloti D1 la.
Violette kontinye montre regilarite li nan faz final chanpyona a, pandan l ap chèche ajoute yon nouvo twofe sou tit li deja ranpòte nan seri ouvèti a. Pou Juventus, America ak Don Bosco, se yon eliminasyon ki vini aprè yon kanpay kote ekip yo pa t rive jwenn rezilta yo te bezwen yo nan moman kle yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou