AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Brayan Alceus siyen ak yon klèb D2 nan peyi Woumani

imaj atik la

31 oktòb 2025   Neuvième Junior   973

Aprè plizyè jou pase deyò tèren san jwe ak yon ekip pwofesyonèl, entènasyonal ayisyen an Brayan Alceus siyen ak yon klèb dezyèm divizyon nan peyi Woumani. Avèk sa, li ka rive jwenn chans jwe pou seleksyon an.

San kontra depi kèk mwa, milye tèren ayisyen an ki te gen abitid ede seleksyon nasyonal la ak talan li, te rete san klèb depi aprè l fin kite Football Club Pyunik Erevan.

Pandan jou sa yo, klèb peyi Woumani an FC Politehnica fè apèl ak li pou ofri l yon kontra. Gras ak nouvo defi sa, grenadye a ta dwe fè anpil jefò pou rive konvenk antrenè klèb la pou li ta jwenn ase tan pou li jwe. Tout fwa li ta rive fè sa, se ap yon nouvo demaraj nan karyè milye tèren ayisyen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )