Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Devan piblik yo nan estad Emil Alexandrescu a, foutbòl klèb Politehnica Iaşi resevwa ekip FC Bihor Oradea pou kwe 12èm match yo nan Liga II a. Nan rankont sila klèb grenadye a Brayan Alceus fè viktwa (2-1) pou soti ak 3 pwen an.

Kont dezyèm nan chanpyona Woumani an, ekip Brayan Alceus la fè yon bèl viktwa nan match avanse D2 a. Aprè klèb Oradea te louvri eskò nan 21èm minit, pwoteje Tony yo te rate yon penalite nan 25èm monit e fini premye peryòd la ak 0 afiche nan tablo a.
Touswit aprè poz mitan, jwè Brigad Kopou yo te pran kontwòl rankont lan jis yo rache egalizasyon an nan 55èm minit ak Jean-Pierre Tiéhi ki te tounen asasinen ekip anfas la nan 90e+4 pou klanpse espwa yo.
Viktwa sa klèb milye tèren ayisyen an fè a, mete yo nan 6èm plas la pandan lòt rankont yo pako jwe.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou