AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Danley Jean-Jacques patisipe nan yon remontada espektakilè ak Philadelphia Union

imaj atik la

21 septanm 2026   Gamarck Antoine   751

Philadelphia Union reyalize yon gwo remontada samdi swa nan MLS la aprè ekip Sporting Kansas City a t ap mennen 3-0. Ekip la te reponn yon fason ekstrawòdinè aprè poz la pou l ranvèse sitiyasyon an epi ranpòte match la 4-3. Danley Jean-Jacques bay yon pas gòl pou pasitipe nan remontada a.


Sporting Kansas City te kòmanse match la ak anpil entansite. André Luiz make nan 6èm ak 10èm minit, anvan Wyatt Meyer ajoute yon twazyèm gòl nan 16èm minit. Philadelphia te antre nan vestyè a ak yon reta twa gòl.

Aprè poz la, ekip Philadelphia Union nan retounen ak yon lòt figi. Bruno Damiani te redwi diferans lan nan 64èm minit, anvan Cavan Sullivan make dezyèm gòl Philadelphia a nan 66èm minit. Se Danley Jean-Jacques ki te bay pas desizif la sou gòl Sullivan nan.

De minit aprè, Philadelphia egalize. Milan Iloski make nan 68èm minit pou mete eskò 3-3. Nan 73èm minit, Zorhan Bassong make kont pwòp kan li, sa ki pèmèt Union pran avantaj la pou premye fwa nan match la.

Philadelphia te make kat gòl li yo nan dezyèm peryòd la, apre ekip la te antre nan vestyè nan poz mitan an ak yon reta 3 gòl. Malgre tantativ Sporting Kansas City pou retounen nan match la, Philadelphia te kenbe avantaj li jiskaske match la fini pou l pran twa pwen yo.

Dènye tan sa yo Danley Jean-Jacques ede ekip li anpil sitou ak konba nan mitan tèren an epi kalite pou patisipe nan aksyon ofansif yo kounya ki devlope lakay li nan dènye moman sa yo, yèswa se te yon nouvo pèfòmans enpòtan ak Philadelphia Union. Mitan tèren ayisyen an te kòmanse match la, li te jwe tout rankont lan epi li te resevwa yon katon jòn nan 90+6 minit.

Avèk viktwa sa, Philadelphia Union pwolonje seri li san defèt nan MLS la pou rive 11 match youn aprè lòt, sa ki egale pi long seri san defèt nan listwa klèb la nan lig la. Union monte tou nan 6èm plas Konferans Lwès la ak 36 pwen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )