AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Pakou ki mennen Jonah Mednard, nan Seleksyon Nasyonal la

imaj atik la

18 Septanm 2026   Gamarck Antoine   1376

Jonah Mednard ap antre nan yon nouvo etap ak seleksyon nasyonal la. Gadyen Wake Forest University a fè pati lis 24 jwè David Badia chwazi pou pwochen match Grenadye yo nan Ligue des Nations CONCACAF la.


Mednard fèt 26 mas 2005 nan vil Nouyòk, Ozetazini. Li mezire 1,88 m e li jwe kòm gadyen. Anvan li rive nan nivo inivèsite, li pase nan akademi Cedar Stars Bergen ak New York City FC. Pandan peryòd sa, li patisipe nan MLS NEXT All-Star Game, li ranpòte de State Cups epi li jwenn opòtinite pou fè yon esè ak Paris Saint-Germain.

Aprè yon premye sezon kote li pa jwe okenn match, Mednard fè premye aparisyon li nan NCAA an 2024, lè li patisipe nan de rankont pou inivèsite a.
Se nan Wake Forest li kontinye devlope.

Sezon 2025 la make yon gwo chanjman nan wòl li. Li vin youn nan gadyen prensipal Wake Forest epi li kòmanse tout 17 match ekip la. Li jwe te 1 438 minit, fè 53 arè epi li fè 6 match san pran gòl. Li resevwa tou distenksyon “Man of the Match” nan de okazyon.

Li montre kapasite li nan kèk moman enpòtan, tankou nan yon match kont Pittsburgh kote li fè twa arè aprè yon penalite. Aksyon sa parèt nan SportsCenter Top 10.

An menm tan, pakou li ak Ayiti pran plis enpòtans. An 2024, li te fè pati seleksyon U-20 an pou kalifikasyon chanpyona CONCACAF la. Li kòmanse twa match kont Zile Kayiman, Sent Kits ak Nevis ak Pòtoriko, kote li te pran sèlman de gòl. Li te resevwa yon lòt konvokasyon pou faz final chanpyona U-20 an nan menm ane a.

Se pa premye konvokasyon l ak seleksyon senyò a, responsab seleksyon an gade pakou l. Nan mwa mas 2025, Mednard te antre nan lis 24 jwè Ayiti chwazi pou match amikal kont Azèbaydjan. Li te pami 3 gadyen yo ansanm ak Alexandre Pierre epi Garisonne Innocent.

Nan sezon 2026 la, gadyen an kontinye kenbe yon plas enpòtan nan Wake Forest. Nan youn nan premye gwo pèfòmans li yo, li fè 6 arè nan yon viktwa 1-0 kont Bowling Green epi li kenbe kan li vyèj.

Aprè Johnny Placide fin bay do, Mednard jwenn yon lòt opòtinite ak Grenadye yo anba direksyon David Badia. Li antre nan yon gwoup ki gen Alexandre Pierre ak Josué Duverger kòm lòt gadyen yo.

Pou gadyen 21 lane a, etap sa se rezilta yon pakou ki pase nan akademi foutbòl Ozetazini, nan NCAA ak nan diferan kategori seleksyon Ayiti. Kounye a li gen chans pou l kontinye grandi nan anviwònman ekip nasyonal la pandan l ap chèche fè plas li nan pwojè Grenadye yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )