Nan yon kominike ofisyèl sou kont facebook yo, klèb gonayivyèn lan Racing FC anonse yo fikse dat repriz antrènman yo.
Nan kominike sa klèb la fè konnen Mèkredi 16 septanm lan se dat yo fikse pou yo reprann antrènman yo. Yon fason pou byen prepare sezon 2026-2027 la pou chanpyona nasyon D1 Paryal Lakay la.
Premye antrènman sa ap fèt nan pak Vincent an nan lè 8è nan maten. Dirijan klèb la adrese l dirèkteman ak jwè yo e swete yo tout rann yo disponib.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou