AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon kout je sou kòman sa te ye pou ayisyen ki ap jwe nan Ligue 3 nan peyi Lafrans

imaj atik la

14 septanm 2026   Benswilkenson Jean   1035

Nan peyi Lafrans gen ayisyen nan majorite nivo chanpyona yo. Kanta pou Ligue 3 a sèlman gen anviwon 6 ayisyen k ap evolye ladan l.


Nan 6 ayisyen ki nan Ligue 3 genyen ladan yo ki pote koulè seleksyon an, genyen tou ki poko pote koulè seleksyon an. Men non yo 6 la.

-Shelton Guillaume atakan k ap jwe nan klèb FC Versailles la. Pou wikenn sa li te jwe kont ekip Orleans lan ki gen yon ayisyen ladan l. Li te bat li 4-0 nan kad 6èm jounen chanpyona a. Jwè a make yon gòl epi bay yon pas gòl nan rankont lan. Sa fè li 2èm gòl li pou sezon sa ak 3 pas gòl sou 6 match li jwe yo.
-Mondy Prunier, se jwè ekip Orleans lan. Pou wikenn sa a li te jwe kont ekip FC Versailles la ki gen ladan l Shelton Guillaume. Mondy te kòmanse match la sou ban anvan antrenè a ta pral monte l nan dezyèm mitan match la. Malerezman li pa t ka anpeche bato ekip li a koule 4-0 devan lòt jwè ayisyen an.
-Woobens Pacius, Pou wikenn sa jwè grenadye an te gen chans jwe dezyèm match li ak ekip FC Rouen lan pou sezon an. Jwè a ki apèn rejwenn ekip la patisipe wikenn sa antanke titilè nan viktwa 4-0 klèb la fè sou ekip Thionville Louisitanos la. Grenadye a te jwe 74 minit nan match la anvan li te desann bay yon lòt jwè plas li a.
-Bryan Labissière, entènasyonal ayisyen ki ap jwe nan klèb Thionville Louisitanos a pou wikenn sa te asiste defèt ekip li fas FC Rouen 4-0. Jwè a te pase tout rankont lan sou ban epi gade gwo travay lòt grenadye a Woubens Pacius t ap fè sou tèren pou ekip Rouen lan fas ekip li a. Se premye match Bryan pase sou ban e se premye defèt ekip la tou pou sezon an nan Ligue 3 a.
-Ritchy Valmé, jèn defansè ayisyen 21 lane k ap jwe nan klèb Aubagne lan nan Ligue 3 a. Li te kite FC Monaco pou al jwe nan klèb Aubagne lan kote li estime li ap gen plis tan pou pwogrese. Depi kòmansman sezon an li pa rate yon match ak ekip Aubagne lan nan ban defans. Sou 6 match klèb la jwe pou kòmansman sezon an li jwe 5 ladan yo kòm titilè. Pou wikenn sa a li te kòmanse match la sou ban ekip li a pèdi 2-1.
-Gaël Alette, jèn gadyen franco ayisyen 25 lane ki se yon titilè endiskitab ekip FC Fleury a. Pou wikenn sa a li pèmèt ekip li sòti ak yon viktwa enpòtan 2-1 sou ekip Valenciennes lan. Nan match sa li reyalize 5 arè sou yon seri chout anndan kare li a. Sofa ba li yon nòt 9.3 pou pèfòmans sa.

Se konsa ayisyen yo te ye pou wikenn sa nan twazyèm divizyon an nan peyi Lafrans.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )