Yon nouvo figi pral antre nan fanmi Grenadye yo. Lovend’s Delinois resevwa premye konvokasyon li ak seleksyon nasyonal Ayiti a pou fenèt entènasyonal septanm nan, se Inter Miami ki anonse sa sou sit entènèt li.
Atakan 21 lane a ki fèt an Ayiti, te kòmanse fè non li nan foutbòl ayisyen an ak Violette AC, kote li te evolye ant 2023 ak 2024. Li te fè pati ekip Violette la ki te patisipe nan Ligue des Champions CONCACAF la an 2023.
Aprè pasaj li nan Violette, Delinois te kontinye devlopman li Ozetazini, kote li te pase nan Miami Island United FC ak estrikti Inter Miami CF, pèfòmans li sezon sa fè l rive entegre ekip A Inter Miami an.
Kounye a, jèn atakan an pral mete koulè Ayiti yo sou li pou premye fwa. Grenadye yo pral fè fas ak Trinidad ak Tobago, jedi 24 septanm, nan Sabina Park Stadium, Kingston, Jamayik, nan kad CONCACAF Nations League.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou