AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Kenny Quetant, nouvo atakan ki antre nan plan Grenadye yo

imaj atik la

17 septanm 2026   Gamarck Antoine   1297

Kenny Quetant se youn nan nouvo non ki antre nan gwoup seleksyon nasyonal Ayiti a. Jèn atakan an, ki fèt nan peyi Lafrans , gen nasyonalite fransè ak ayisyen, li ap kontinye devlope karyè l nan foutbòl pwofesyonèl Ewopeyen an.


Li fèt 17 jiyè 2006 nan vil Pari, an Frans. Quetant mezire 1,89 m plas li se atakan. Li te kòmanse fòmasyon li nan US Torcy anvan li antre nan akademi Le Havre AC an 2020. Se nan Le Havre li pase plizyè lane nan sistèm fòmasyon yo an anvan li rive nan ekip premye a.

Sezon 2025-2026 lan Quetant fè premye parèt li nan Ligue 1 an avèk Le Havre. Li patisipe nan 9 match nan chanpyona a pou 371 minit, epi li make yon gòl. Li jwe tou yon match nan Coupe de France lan.

Premye gòl li nan Ligue 1 an vini 4 janvye 2026, nan viktwa Le Havre 2-1 sou Angers. Se youn nan premye moman enpòtan nan kòmansman karyè pwofesyonèl li.

Aprè premye eksperyans li nan foutbòl pwofesyonèl fransè a, Quetant pran direksyon Almay. Werder Bremen anonse nan mwa me 2026 li pral rantre nan klèb la pou sezon 2026-2027 la aprè li te kite Le Havre. Kontra li ak klèb alman an ap bout jiska 30 jen 2030.

Werder Bremen prezante l kòm yon atakan ki gen bon kalite teknik ak vitès, e klèb la konsidere l kòm yon jwè ki gen potansyèl pou kontinye pwogrese.

Malgre Kenny Quetant fèt Pari, Ayiti fè pati nasyonalite li. Pwofil ofisyèl Werder Bremen ak Bundesliga mete Lafrans ak Ayiti kòm nasyonalite jèn atakan an.

Konvokasyon Quetant bay Ayiti yon lòt pwofil nan sektè ofansif la. Atakan an rive nan seleksyon an aprè yon premye eksperyans nan Ligue 1 an epi pandan li ap kòmanse yon nouvo etap nan karyè li avèk Werder Bremen.

A 20 lane, Kenny Quetant deja pase nan US Torcy, akademi Le Havre, foutbòl pwofesyonèl fransè epi kounye a li antre nan pwojè Werder Bremen. Avèk seleksyon Ayiti a, li ap louvri yon nouvo chapit nan pakou li, pandan Grenadye yo jwenn yon lòt opsyon pou ranfòse liy atak la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )