AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Kòman sa te ye pou ayisyen ki ap jwe foutbòl nan peyi Beljik yo wikenn sa?

imaj atik la

14 septanm 2026   Benswilkenson Jean   1082

Nan peyi Bèljik gen 2 ayisyen ki ap jwe foutbòl se Martine Yves Experience ak Wilguens Paugain. Youn ladan yo te jwe pandan wikenn lan


Sou ti bout tè bèlj yo gen 2 grenadye ki ap woule balon la. Youn nan premye divizyon, lòt la nan dezyèm divizyon. Tou 2 jwè sa yo te fè pati lis 26 konpatriyòt ki te al ede seleksyon nasyonal la nan Mondyal 2026 la nan peyi blan meriken.

Nan wikenn sa Martine Experience ki se defansè lateral goch te jwe pou ekip li FCV Dender nan kad 5èm jounen Challenger Pro League la nan peyi Bèljik. Grenadye a ki enpoze l kòm yon titilè endiskitab depi lè li rive nan klèb sa patisipe nan viktwa ekip li 1-0 kont ekip Jong Gent U23 a. Martine Experience te jwe tout match la san antrenè a pa t retire l. Li te jwe pozisyon mitan tèren (piston) pou ekip la.

Kanta pou lòt Grenadye a Wilguens Paugain, li toujou poko ka reprann tèren ak klèb li akoz yon blesi li te pran. Daprè dènye enfòmasyon yo li ap gen pou pase 2 mwa san jwe foutbòl.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )