AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Darlina Joseph frape fò avèk AS Cannes

imaj atik la Kredi Foto: @AS Cannes Féminines

14 Septanm 2026   Jacky Chéry   1611

Atakan entènasyonal ayisyèn lan, Darlina Joseph, ap pran plas li tipa tipa nan nouvo ekip li an, AS Cannes. Nan okazyon dezyèm jounen Seconde Ligue la, Grenadye an enskri yon gòl nan viktwa Kanèz yo fè jodi dimanch lan 5-1 kont Grenoble Foot.


Aprè yon sezon konplike nan Toulouse FC pandan OM Féminines te prete li an, Grenadye 23 lane an jwenn espas li te bezwen an pou l kapab montre talan li. Aprè de jounen chanpyona, Darlina Joseph deja titilè pandan 2 fwa.

Pou match sa kont Grenoble Foot lan, ansyèn jwez OM lan te reponn prezan epi patisipe nan premye viktwa AS Cannes pou sezon an nan Seconde Ligue lan. Darlina Joseph te enskri twazyèm gòl lan pou te pèmèt ekip li mennen 3-0.

Nan yon kontèks kote chak minit konte pou objektif ki fikse yo pou sezon an, pèfomans sa ki gen ladan l premye gòl pou sezon an kapab pèmèt Darlina Joseph pran konfyans epi kontinye briye pou pwochen jounen yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )