AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Kòman sa te ye pou ekspatriye ayisyen ki nan peyi Angletè yo wikenn sa?

imaj atik la

14 septanm 2026   Benswilkenson Jean   1147

Nan foutbòl anglè a pa gen anpil jwè ayisyen ki ap jwe la. Kanta pou fanm lan pa gen sa ditou. Dènye jwez ki te nan chanpyon nan peyi Angletè se te Batcheba Louis ki kite ekip Birmingham lan ane sa.


Genyen sèlman 2 ayisyen nan foutbòl anglè a. Se Wilson Isidor jwè Sunderland nan Premier League la ak Jean Ricner Bellegarde jwè Wolverhampton nan Championship la (dezyèm divizyon).

Pou wikenn sa Wilson Isidor te monte nan 79èm minit match Sunderland fas Arsenal la ki malerezman pèdi 2-0. Jwè ayisyen an ki pa gen yon plas titilè nan ekip la pa t kapab anpeche bato Blackcats yo koule nan 4èm jounen Premier League la.

Kanta pou Jean Ricner Bellegarde ak Wolverhampton, jwè a toujou poko ka reprann tèren ak klèb anglè a. Nan semèn lan jwè a te retounen nan antrènman aprè blese li te pran nan Mondyal la men eta fizik li poko a 100% . Sa ki fè li poko jwe yon grenn match pou sezon sa ak Wolves yo.

Se konsa wikenn lan ye pou Grenadye yo nan foutbòl peyi Angletè.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )