AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Malgre absans li nan chanpyona nasyonal la Aigle Noir lanse yon nouvo chapit

imaj atik la Kredi Foto: @ANAC

16 septanm 2026   Benswilkenson Jean   810

Klèb Aigle Noir la gen plizyè lane depi li rete aktif malgre li pa gen chans nan chanpyona premye divizyon an. ANAC toujou bay jwè nan kategori jinyò seleksyon nasyonal yo.


Fwa sa Aigle Noir pa sèlman rete nan katerori gason yo, men yo louvri yon nouvo pòt tou sou inivè feminen an. Nan yon komike yo rann piblik sou paj facebook yo, klèb Bèlè a fè konnen yo louvri yon seksyon fanm.
Desizyon sa konsèy egzekitif la te pranl depi nan dat 27 jen 2026 la rann piblik jodi 15 septanm 2026 la.

Klèb sila ki pran nesans depi 27 jen 1951 te deside adopte nouvo kategori sa nan kad anivèsè yo nan mwa jen pase a. Men yo rann li piblik jodi a. Daprè kominike yo a pou klèb la fè swit ak pwojè sa yo asosye yo ak Salome Sandler Tally ki te responsab ekip Girl Squad la depi 3 lane. Daprè kolaborasyon sa tout jwez Girl Squad yo kounya se jwez seksyon fanm Aigle Noir a.

Nan lide pou ajoute sou efektif sa yo deja genyen an, direksyon klèb la te lanse 2 jounen deteksyon. Jounen deteksyon sa yo te fèt nan dat 14 ak 15 dawout pase a.

Nouvo pwojè sa ki deja pran fòm soumèt anba direksyon Sophia Batard pou dirije l.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )