Yon nouvo gwo batay ap tann Ricardo Adé ak Liga de Quito nan Copa Libertadores la. Defansè entènasyonal ayisyen an ak koyekipye li yo pral jwe yon match ki gen anpil enpòtans demen mèkredi 16 septanm kont Palmeiras.
Liga de Quito ap antre nan match retou kadefinal la ak yon reta 1-0, aprè defèt li te pran nan premye rankont lan. Ekip ekwatoryen an pral oblije reponn sou teren lakay li pou eseye ranvèse rezilta final la epi jwenn tikè pou demifinal konpetisyon an.
Nan defans lan, Ricardo Adé pral yon lòt fwa gen yon gwo responsablite sou zepòl li. Eksperyans li ak kapasite li pou jere gwo match yo kapab enpòtan pou Liga de Quito, sitou devan yon ekip Palmeiras ki gen anpil danje nan faz ofansif yo.
Pou defansè ayisyen an, se youn nan moman kote pèfòmans li pral anba gwo atansyon. Li pral gen pou l ede ekip li a rete solid dèyè pandan Liga de Quito ap chèche gòl ki nesesè pou chanje èsko seri a.
Tout bagay ap jwe demen nan vil Kito. Ricardo Adé ak Liga de Quito gen 90 minit pou yo goumen pou yon plas nan demifinal Copa Libertadores la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou