AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Ronaldo Damus fè yon gwo kou pou ede Birmingham sove yon match nil

imaj atik la

17 septanm 2026   Gamarck Antoine   1059

Ronaldo Damus te fè yon gwo antre nan match Birmingham Legion kont New Mexico United. Atakan ayisyen an, ki te kòmanse sou ban te rantre nan dezyèm peryòd la, li arive fè de gòl pou ede Birmingham pran yon match nil 4-4 nan USL Championship.


Damus pa t bezwen anpil tan sou tèren an pou l fè diferans. Li te jwe sèlman 24 minit, men li te pwofite prezans li devan gòl la pou make de fwa. Pèfòmans sa pèmèt li resevwa yon nòt 8.5 sou FotMob, youn nan pi gwo evalyasyon li nan sezon an.

Double sa gen yon enpòtans espesyal pou atakan ayisyen an. Aprè match la, total li rive nan 5 gòl nan USL Championship sezon 2026 la. Li te deja make kont Rhode Island FC ak Sporting JAX, anvan li ajoute de lòt gòl kont New Mexico United.

Match la te bay yon gwo espektak nan Dunnavant Valley Fields, ak 8 gòl ki te antre nan filè yo. Birmingham Legion ak New Mexico United finalman separe pwen yo aprè yon rankont kote Damus te kite mak li malgre kantite minit li te pase sou teren an.

Pou Ronaldo Damus, se yon pèfòmans ki montre ankò kapasite li genyen pou l pote danje devan gòl la menm lè li antre pandan match la. Si atakan ayisyen an kontinye konsa li pral jwe yon wòl enpòtan nan atak Birmingham Legion pandan dènye pati sezon USL Championship la.

Damus te deja gen yon bon sezon 2025 ak Birmingham, kote li te fini kòm pi bon bitè ekip la ak 11 gòl nan sezon regilye a. Klèb la te retounen siyen li pou yon kontra pèmanan pou sezon 2026 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )