AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Dayana Pierre-Louis, yon eleman kle nan mitan tèren Ayiti an!

imaj atik la Kredi Foto: @Utah Royals FC

19 Avril 2026   Jacky Chéry   1234

Seleksyon ayisyèn fanm nan fè match nil kont Repiblik dominikèn nan kad eliminatwa pou Mondyal fanm Brezil 2027 lan. Si rezilta sa pèmèt Grenadyè yo kalifye pou dezyèm tou, anpil kesyon ap poze sou pèfomans ekip lan.


Depi lè Pia Sundhage pran tèt ekip lan, gen yon nouvo estil foutbòl ki enplante. Antrenè syedwaz lan vini avèk yon sistèm 3-5-2, ki nouvo pou seleksyon nasyonal ayisyèn nan. Akote tout sa, estaf teknik lan oblije fè fas ak plizyè absans ki te kapab de eleman kle nan nouvo dispozitif sa.

Si Pia te kapab konte sou Nerilia Mondésir ki retounen nan ekip lan aprè l pa t patisipe nan dènye rasanbleman an, plizyè lòt jwez yo menm rate rasanbleman sa ki fèt nan lakou Gwadloup lan, pami yo Dayana Pierre-Louis, yon mitan tèren ki pa sispann pran galon.

Jwez Utah Royals FC an pa t ka vini malgre li te nan lis inisyal lan. Daprè enfòmasyon ki disponib yo se ta pou pwoblèm administratif akoz jwez lan poko kapab kite Etazini nenpòt kijan. Seleksyon an te oblije jwe 2 match yo avèk yon mitan tèren eksperimantal, ki malerezman pa konble atant fanatik yo.

Annatandan sitiyasyon jwez sa yo regilarize, Pia Sundhage avèk tout eksperyans li nan wo nivo an swete kapab genyen tout jwez li yo a dispozisyon l nan lide pou l kapab mete ekip la nan pi bon kondisyon posib pou pwochen echeyans entènasyonal yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou