Kredi Foto: @Hatta SC
Mitan tèren ayisyen Dominique Simon, 26 lane, ap kontinye karyè li nan Emira Arabini yo. Jwè a kite FK Pardubice, nan Repiblik Tchèk, pou l al jwenn Hatta SC, daprè yon anons klèb tchèk la fè jodi madi a.
Simon te rive nan Pardubice depi ete 2024. Pandan peryòd li te pase nan klèb la, li te jwe 21 match ofisyèl, kote li te make 2 gòl epi bay yon pas desizif. Avanti li nan Repiblik Tchèk la te pase tou anba yon moman difisil, aprè yon blesi grav li te sibi.
Aprè blesi sa, li te jwenn opòtinite pou l reprann rit li atravè yon prè nan Tatran Prešov. Eksperyans sa, daprè klèb la, te pèmèt li kontinye evolye nan foutbòl tchèk la avan li retounen nan Pardubice.
Pandan peryòd li nan Repiblik Tchèk la, Simon te jwenn tou premye konvokasyon li nan Seleksyon nasyonal ayisyèn lan, ki te tou pèmèt li patisipe ak Grenadye yo nan Koup Dimond 2026 la.
Kounya, entènasyonal ayisyen an pran direksyon Emira Arabini yo, kote li pral kòmanse yon nouvo chapit ak Hatta SC. Pardubice FC remèsye Simon pou travay li te fè pandan tan li te pase nan ekip la epi swete l reyisit pou rès karyè li.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou