Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan kad 33èm jounen chanpyona Angletè a, atakan ayisyen an, Wilson Isidor fè yon retou ki make lespri yo lè li jwenn chimen filè a ankò, malgre ekip li a, Sunderland, tonbe (4-3) devan Aston Villa sou teren Villa Park la.
Match la te gen anpil entansite depi nan kòmansman rive nan bout li. Aston Villa te parèt pi efikas nan moman kle yo, men Sunderland pa t janm lage. Wilson Isidor, ki te kòmanse sou ban an, antre nan jwèt la nan 84èm minit nan plas Brian Brobbey. Li pa t pran tan, twa minit aprè, li fè yon enpak imedya lè li make gòl egalizasyon an (3-3) gras ak yon pas Enzo Le Fée te fè pou li.
Men se te byen konte mal kalkile pou Sunderland, espwa a pa t dire lontan. Atakan anglè Tammy Abraham vin kraze rèv yo lè li make katriyèm gòl Aston Villa a nan 90+3', ki bay ekip li a viktwa a nan dènye moman yo.
Se yon gòl ki gen anpil enpòtans pou Wilson Isidor, paske dènye fwa li te make ak klèb li a se te 25 oktòb 2025 kont Chelsea, pandan 9èm jounen chanpyona a. Avèk reyalizasyon sa a, li rive nan 5 gòl nan lig la sezon sa.
Malgre defèt la, pèfòmans Isidor la kapab bay espwa pou rès sezon an, pandan li sanble ap reprann konfyans li piti piti.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou