AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Klèb Jean-Ricner Bellegarde la an Angletè chanje antrenè

imaj atik la

12 novanm 2025   Benswilkenson Jean   916

Entènasyonal ayisyen an Jean-Ricner Bellegarde pral konnen yon lòt kotch nan klèb Wolverhampton lan pou rès sezon an. Klèb anglè a nonmen Rob Edwards kòm nouvo antrenè yo.


Klèb anglè a Wolverhampton ki ap konnen yon kòmansman sezon konplike, direksyon klèb la deside voye Vitor Pereira ale pou vini ak entènasyonal galwa a Robs Edwards.

Vitor Pereira ki se yon pòtigè ki te nan tèt ekip la, potko konn gou viktwa nan chanpyona anglè a pou kòmansman sezon an. Direksyon Wolverhampton lan deside chanje estaf antrenè l pou gade kòman yo pral abòde rès sezon an.

Rob Edwards se yon antrenè galwa ki gen 42 lane. Li siyen yon kontra 3 lane edmi epi Wolves yo ap gen pou peye Middelesbrough 3 milyon ewo kòm konpansasyon. Middelesbrough se klèb Rob te sou kontra ak li.

Jean Ricner Bellegarde ki pou kounya nan eliminasyon Mondyal 2026 ak seleksyon an ap gen pou rankontre nouvo antrenè l la aprè trèv entènasyonal la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )