Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Atakan entènasyonal ayisyèn Laurie Ann Moïse jwe jodi samdi premye novanm lan premye match ofisyèl li sou koulè Sydney FC nan kad ouvèti Ninja A-League lan.
Grenadye an ki rantre sou tèren an nan 86èm minit, fè premye pa li nan mond foutbòl pwofesyonèl lan aprè plizyè lane ap evolye nan chanpyona inivèsitè ameriken an ak nan FC Laval nan peyi Kanada.
Laurie Ann Moïse patisipe nan match nil Sydney FC fè jodi samdi an 2-2 kont Melbourne City nan premye jounen chanpyona ostralyen an. Atakan 24 lane an jwe anviwon 10 minit nan rankont sa ki dewoule sou tèren Sydney FC.
N ap raple, Laurie Ann Moïse fèt nan peyi Kanada nan dat 4 janvye 2001. Li se jwez seleksyon ayisyèn foutbòl lan depi janvye 2024. Ansyen atakan Alabama a siyen premye kontra pwofesyonèl li avèk Sydney FC kote l pral pase tout sezon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou