Jodi Jedi a, Lenny Joseph ak Ferencváros ap antre nan yon gwo batay Ewopeyen kote l ap resevwa Trabzonspor, pou match retou baraj League Europa. Men sa nou kapab kenbe, se atansyon ayisyen yo ap genyen sou Lenny Joseph, atakan ayisyen an ki fè non l ap site nan kòmansman sezon an, e li se youn nan jwè kle ki pote koulè Ayiti sou sèn UEFA.
Nan rankont sa, Lenny Joseph kapab yon eleman enpòtan nan plan ofansif Ferencváros la, sitou gras ak vitès li, kapasite pou atake espas ak presyon li mete sou defans advès la a chak fwa l ap jwe.
Kote 2 fòmasyon yo, Ferencváros vs Trabzonspor, se yon afich ki gen ti istwa pa yo; 2 ekip sa yo, te deja rankontre nan League Europa nan lane 2022/23, kote Ferencváros te genyen premye rankont lan 3-2 epi nan retou a, Trabzonspor te fè yon kout viktwa 1-0. Lè sa, se te nan faz gwoup ekip yo te jwe. Nan twazyèm fwa ekip sa yo ap jwe ansanm lan, gen 2 katon wouj ki bay. Premye a se te Ferencvaròs kite pran l malgre sa yo te genyen 3-2 nan lane 2022. Dezyèm lan se nan match ale a kote koyekipye Lenny yo genyen 1-0. Men se ekip Trabzonspor a ki fini an mwens nan rankont kite jwe semèn pase a.
Pou Lenny Joseph, kalite match sa yo, se yon opòtinite pou kontinye grandi sou plan entènasyonal epi montre nivo foutbòl ayisyen an sou pi gwo sèn Ewopeyen an pandan l ap ede klèb nan fason l kapab.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou