AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Lourdjina Étienne fè premye gòl li kòm pwofesyonèl

imaj atik la

16 novanm 2025   Jacky Chéry   954

Jèn atakan ayisyèn Lourdjina Étienne enskri non l nan lis jwez ki fè gòl pou FC Fleury nan match sa yo genyen fasilman ayè samdi an 5-2 kont Le Mans FC. Yon moman Grenadye 18 lane an ap gen pou sonje pandan tout rès karyè l.


Lourdjina Étienne ki rejwenn klèb fransè an pandan sezon an, kontinye ap fè prèv li tipa tipa. Aprè l te fin fè premye zam li nan Arkema Première Ligue lan mwa pase an, ansyen entènasyonal U17 lan make premye gòl li nan nivo pwofesyonèl lan.

Nan premye tou Coupe LFFP, jèn Grenadye an ki te sòti sou ban, enskri gòl sa ki pou te pèmèt FC Fleury mennen 5-1. Lourdjina Étienne te jwenn yon bon balon nan ti sifas reparasyon an pou l te choute aprè sou kò gadyèn Le Mans an avan boul lan pran wout kan.

N ap raple, Lourdjina Étienne te ranpòte pri meyè jwez U17 CONCACAF lan nan lane 2024 kote l te pèmèt Ayiti kalifye pou faz eliminasyon dirèk nan dènye faz eliminatwa pou Mondyal kategori sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )