AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Ricardo Adé ak LDU Quito rate bato final Copa Libertadores la

imaj atik la

31 oktòb 2025   Neuvième Junior   1178

Avèk yon avantaj eskò (3-0) depi nan match ale Copa Libertadores lan, Ricardo Adé ak ekip li rate okazyon pou yo t al jwe final pi gwo konpetisyon Amerik la. Kont Palmeiras, klèb ekwatoryen an ki t al jwe retou a nan peyi Brezil, fè yon defèt (4-0) sou tèren klèb brezilyen an. Men pou eseye konprann fo pa sa, nou oblije gade fason koyekipye Ade yo te jwe rankont sila.


Avèk yon avantaj eskò (3-0) depi nan match ale Copa Libertadores lan, Ricardo Adé ak ekip li rate okazyon pou yo t al jwe final pi gwo konpetisyon Amerik la. Kont Palmeiras, klèb ekwatoryen an ki t al jwe retou a nan peyi Brezil, fè yon defèt (4-0) sou tèren klèb brezilyen an. Men pou eseye konprann fo pa sa, nou oblije gade fason koyekipye Ade yo te jwe rankont sila.

Sou demand antrenè a Tiago Nunes ki te mete yon sistèm 3-5-2 kanpe pandan rankont lan, LDU Quito sibi yon dominasyon ki koz jounen jodi a yo deyò nan konpetisyon an. Pandan rankont sa, klèb Palmeiras la kòmanse match la ak yon karaktè defansif pou te tante anpeche advèsè a make gòl.

Malerezman, ekip Ricardo Adé a te pran yon move desizyon fas yon ekip ki gen avantaj tèren pandan avantaj eskò a te nan pla men yo. Akoz LDU Quito te mete l nan yon kondisyon pou ofri balon an ak Palmeiras pou rete ap bare, klèb brezilyen an te jwenn okazyon 4 fwa e rive make gòl pou chanje sitiyasyon an e mete l an favè yo.

Ak yon avantaj twa gòl, LDU Quito te kite inisyativ jwèt la depi nan kòmansman match la bay ekip vèt e blan an, yon desizyon ki fini ak yon regrè. Poutan, si yo te eseye fè presyon sou ti mesye Palmeiras yo, anpeche yo pote danje nan kan yo, al presire Palmeiras nan mwatye tèren pa l epi jwe yon foutbòl ki te konvenkan sa te ka petèt diferan. Men kite yon ekip domine depi nan yon premye peryòd pa ditou rezonab.

Si koyekipye Adé yo te evite jwe ba fas yon ekip ki te vle fè remontada, sa te ka rive yo fè premye peryòd la san ankese. Men 2 gòl yo te pran nan premye peryòd la, te gentan elimine konfyans lakay ekwatoryen yo, sa ki lakoz dezyèm peryòd la li te konplike pou yo te chanje sitiyasyon an.

Avèk move rezilta sa, LDU Quito kite konpetisyon an pou kite final Copa Libertadores la jwe ant 2 klèb brezilyen 29 novanm aprè yon bèl pakou. Anvan echèk sa LDU konnen an, yo te sou plizyè match san defèt. Men brezilyen yo fini ak sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )