Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan yon viktwa klè (5-0) ekip nasyonal fanm Ayiti a ranpòte sou Angiya, Claire Constant make premye gòl li ak seleksyon an. Se yon moman enpòtan pou defansè DC Power a, ki kontinye montre nivo matirite li nan mitan Grenadyè yo.
Sibòg la te rantre nan jwèt la nan 79èm minit la, kote li te ranplase Amandine Pierre-Louis. Defansè ayisyèn lan pa t pran anpil tan pou l fè diferans lan yon minit aprè sou yon kout tèt aprè yon koufran Sherly Jeudy te byen depoze.
Gòl sa a montre kapasite defansè 26 lane a genyen pou l li jwèt la byen, pran bon plasman, epi pwofite okazyon yo. Depi twa lane, Claire Constant enpoze l kòm pi bon defansè seleksyon an genyen. Avèk gòl sa, gèrye ayisyèn lan montre li kapab yon eleman enpòtan non sèlman nan defann men tou sou faz ofansif yo.
N ap raple, seleksyon ayisyèn lan genyen Angiya 5-0 epi pran premye plas nan gwoup lan devan Repiblik Dominikèn. Grenadyè yo pral gen pou jwe yon match desizif fas dominikèn yo pou kapab valide biyè yo pou dènye faz eliminatwa pou Mondyal fanm 2027 lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou