Kredi Foto: @Primature
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan yon kontèks kote Leta ayisyen ap onore Grenadye yo ak gwo prim aprè kalifikasyon istorik yo pou Mondyal 2026 la, prezans yon jwè nan seremoni ofisyèl la te make lespri moun. Se te Woodensky Pierre ki t ap reprezante Violette AC, men aparisyon li te rapid vit vin tounen sijè diskisyon sou rezo sosyal yo akoz fason li te abiye.
Jodi vandredi 10 avril 2026 la, pandan li te nan yon seyans antrènman nan yon "Gym" , jwè a te gen okazyon bay vèsyon pa li ak jounalis Samuel Ganthier.
Daprè sa jounalis la pataje sou paj Facebook li, Woodensky Pierre rekonèt li wè kritik yo, li menm admèt gen moun ki pa t apresye stil li. Men li esplike sitiyasyon an te plis gen rapò ak yon pwoblèm òganizasyon.
« Mwen te resevwa apèl la byen ta nan aswè pou yo anonse m seremoni an. Nan demen, te gen match pou Violette, kotch la pa t dakò okòmansman paske ekip la te gen obligasyon li. Mwen te kenbe menm sa m konn fè yo, mwen desann nan baz ekip la pou prepare match la », se konsa li esplike.
Li kontinye pou di, pandan li te nan baz la, sekretè jeneral klèb la rele l pou mande li pou li prezan nan seremoni an, menm si sa te vle di li t ap rate premye mitan match kont America FC a. Se konsa li te oblije fè prese : li te deja an souvètman ekip la, li kouri prete yon "jeans", pandan mayo li te toujou nan machin nan.
Sou kesyon ki gen rapò ak yon videyo ki t ap sikile kote anpil moun te panse pantalon li te desann, Woodensky demanti sa klèman : li fè konnen si sa te vre, tout boksè li t ap parèt, sa ki pa t ka pase konsa.
Entèvansyon sa a mete aksan sou yon lòt pwoblèm ki souvan soulve nan espò ayisyen an : mank planifikasyon ak kominikasyon nan mitan dirijan yo.
Malgre tout bri ki te fèt sou abiman an, jwè a sanble deja vire paj la. Objektif li klè kounye a : enpresyone seleksyonè a, Sébastien Migné, pou li kapab fè pati lis 26 jwè k ap reprezante Ayiti nan Mondyal la.
Daprè Samuel Ganthier, li te menm gen chans swiv yon pati nan antrènman pèsonèl jwè a. Woodensky deja antre nan “mòd Mondyal”, ak yon kotch pèsonèl k ap travay avè l, espesyalman sou ranfòsman pati siperyè kò li. Objektif la pa chanje : rive nan pi bon kondisyon fizik posib pou reponn ak egzijans wo nivo foutbòl entènasyonal la mande.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou