AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

FICA-Racing FC, yon match ak gwo sispens

imaj atik la

12 avril 2026   Benswilkenson Jean   639

Dezyèm jounen faz pleyòf chanpyona nasyonal la anonse l ap bèl anpil. Nan sispens sa a gen FICA ak Racing FC yo tou de bezwen premye viktwa yo nan pleyòf la, kiyès k ap bon?


Nan dezyèm jounen chanpyona nasyonal la akote bèl dèbi Baltimore SC kont Tempête FC a genyen match FICA kont Racing FC a k ap atire atansyon piblik la. Nan match FICA kont Racing FC a tou 2 ekip sa yo bezwen sòti ak premye viktwa yo nan pleyòf la. Paske premye jounen an pa t bon pou yo.

Nan premye jounen an FICA te tonbe 2-1 lakay ekip Tempête la nan pak Levelte la nan senmak. Bò kote pa Racing FC, li te tonbe 2-0 sou pwòp tèren l nan pak Vincent an.

Tou 2 ekip sa yo ap kontre nan kad dezyèm jounen faz pleyòf la. Racing FC pral chache fè yon viktwa pou monte pant lan, menm jan FICA tou pral chache yon viktwa pou monte podyòm lan.

Boul la ap santre 12 avril nan pak St Victor.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )