Kredi Foto: @FHF
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Seleksyon nasyonal la pase yon woulo 5-0 sou medam seleksyon peyi Angiya a ayè jedi 09 avril la. Viktwa sila a pwofite voye medal ayisyèn yo nan tèt klasman gwoup la devan Sendomeng.
Nan kad premye faz eliminatwa Mondyal 2027 la medam Grenadye yo t ap resevwa peyi Angiya ayè jedi 9 avril 2026 la. Akoz pwoblèm ensekirite ki ap brase bil peyi a depi anviwon 5 lane, federasyon an nan obligasyon pou resevwa match Ayiti nan tout kategori nan yon lòt peyi. Seleksyon fanm Ayiti a pase woulo konpresè a sou seleksyon fanm peyi Angiya. Medam Grenadye yo bat 5-0.
Pou match sa a ki nan tan nòmal t ap fèt nan peyi Ayiti nan estad Silvio Cator, oblije al fèt nan peyi Gwadloup aprè federasyon an te jwenn yon akò ak peyi sila pou resevwa 2 match medam yo ap gen pou jwe nan mwa avril la. Match la te jwe nan estad Roger Zami Gosier a.
Medam grenadye yo mitonnen, malmennen medam Angiya yo 5-0. Moun ki te make pou Ayiti yo se Darlina Joseph 15èm minit, Chelsea Domond nan 25èm minit, Sherly Jeudy 33èm minit,Darlina Joseph 60èm minit ak Claire Constan 79èm minit.
Pwochen match Ayiti se pral kont peyi Sendomeng nan yon gwo batay pou konnen ki ekip ki ap fini premye nan gwoup la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou