AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Caribbean Cup 2026 : Violette ak 7 lòt klèb deja konfime prezans yo

imaj atik la

25 me 2026   Steve Pierre   435

Caribbean Cup 2026 la ap pran yon lòt dimansyon pandan uit (8) klèb deja valide tikè yo pou patisipe nan pi gwo konpetisyon klèb nan Karayib la. Reprezantan ayisyen an, Violette AC, deja asire yon plas nan chapo 1 gras ak bon pozisyon li nan klasman Caribbean Club Ranking CONCACAF la. Tiraj osò ofisyèl la ap fèt demen madi 26 me 2026 nan vil Miami, nan syèj CONCACAF la.


Jiska prezan, uit (8) ekip deja konfime prezans yo nan Caribbean Cup 2026 la. Ayiti ap reprezante pa Violette AC, pandan Repiblik Dominikèn ap genyen de (2) reprezantan Cibao FC ansanm ak Salcedo FC.

Jamayik ap konte sou Cavalier SC ak Portmore United, Trinidad ap reprezante pa Defence Force FC ak Sando FC. Sèl ekip ki soti Sirinam nan se SV Broki.

De (2) dènye plas yo ap rete pou chanpyon ak vis chanpyon Caribbean Shield 2026 la.

Pou tiraj osò a, CONCACAF prevwa kat (4) chapo ak de (2) ekip nan chak chapo. Gras ak premye plas li nan klasman Karayib la, Violette AC deja asire prezans li nan chapo 1 an. Gen anpil chans tou pou Cibao FC monte nan menm chapo a, sitou akoz absans Mount Pleasant FA ki te dezyèm nan klasman mwa avril la.

Konpetisyon an ap fèt ak de (2) gwoup ki gen senk (5) ekip chak. Chak klèb ap jwe kat (4) match, sa vle di de (2) lakay yo ak de (2) aletranje.

Dat enpòtan yo

Tiraj osò ofisyèl : 26 me 2026

Faz de gwoup (Premye semèn) : 4 rive 6 dawout 2026

Faz de gwoup (Dezyèm semèn) : 18 rive 20 dawout 2026

Faz de gwoup (Twazyèm semèn) : 1 rive 3 septanm 2026

Faz de gwoup (Katriyèm semèn) : 8 rive 10 septanm 2026

Faz de gwoup (Senkyèm semèn) : 15 rive 17 septanm 2026

Demi-final ale : 13 rive 15 oktòb 2026

Demi-final retou : 20 rive 22 oktòb 2026

Final ak match pou 3èmplas : 1e ak 5 desanm 2026


Caribbean Cup 2026 la deja anonse kòm yon gwo batay ant pi bon klèb nan rejyon an. Avèk Violette AC ki deja byen plase pou tiraj osò a, fanatik ayisyen yo ap tann ak anpil enpasyans pou konnen ki ekip ansyen chanpyon ayisyen an pral rankontre nan faz de gwoup la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou