AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Dukens Nazon fè dominiken plede ap pale de li san l pa jwe

imaj atik la

3 octobre 2026   Gamarck Antoine   528

Aprè Ayiti fin maspinen Sendomeng 4-1, dlo toujou pa janm seche nan je dominiken yo, kout baton yo sanble te tonbe move kote, yo deja envante divès istwa, yo pale de Isidore, yo anonse yo p ap lwe Ayiti tèren kounya yo rive sou pòs Duckens Nazon te fè sou Kont Instagram li.


Diario Libre rapòte vandredi 2 oktòb la atakan ayisyen an te pibliye sou Instagram li mesaj «Hispaniola es para nosotros», sa vle di «Ispanyola se pou nou». Daprè jounal la, piblikasyon Nazon an vini yon jou aprè viktwa Ayiti a e li ajoute nan diskisyon ki te deja leve akoz deklarasyon Wilson Isidor lan.

El Testigo rapòte menm enfòmasyon an. Medya dominiken an presize mesaj la te parèt sou kont Instagram nazon.official, epi li montre Nazon ap itilize yon lòt ekspresyon nan kontèks polemik ki te fèt aprè match la.

Mesaj Nazon an te jwenn plas tou nan rapò El Poder RD, ki site deklarasyon atakan ayisyen an ansanm ak sa Wilson Isidor te di aprè match la. Medya a rapòte Acción Futbolera Dominicana mande mezi disiplinè kont jwè ayisyen yo akoz deklarasyon yo.

Municipios Al Día mete non Duckens Nazon tou nan rapò li sou desizyon otorite dominiken yo te anonse konsènan patisipasyon seleksyon Ayiti nan enstalasyon espòtif peyi a. Medya a site mesaj Nazon an pami eleman li prezante nan kontèks reyaksyon aprè match la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )