AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Lipofu òganize yon seyans fòmasyon pou abit Futsal yo anvan sezon 2025-2026 la

imaj atik la

2 novanm 2025   Steve Pierre   970

Ayè samdi 1e novanm 2025 lan, Ligue Port-au-Princienne de Futsal la (Lipofu) te kontinye angajman li pou devlopman futysal nan peyi a avèk yon jounen fòmasyon espesyal pou abit yo ki te fèt nan yon anbyans pwofesyonèl ak dinamik.


Aprè siksè estaj antrenè Futsal yo wikenn pase a, direksyon Lipofu a te òganize yon nouvo seyans travay samdi 1e novanm 2025 lan, fwa sa a ak 20 abit Futsal, pami yo yon fanm, ki sioti nan plizyè zòn nan peyi a.

Seyans sa te santre sou lwa Futsal FIFA pou sezon 2025-2026 la, ak objektif pou mete tout abit yo ajou ak nouvo amandman yo epi amelyore bon jan aplikasyon règ yo pandan match yo.

De (2) entèvenan te anime fòmasyon an :

1. Jeanty Junior Musaël, Direktè teknik Lipofu (Coach Boca)

2. Jean Marc Moreau, abit entènasyonal ayisyen ak responsab abit Futsal nan Lipofu

Pandan jounen an, yo te fè anpil diskisyon, analiz, ak demonstrasyon pratik sou sitiyasyon abitraj ki konn parèt pandan yon match Futsal. Patisipan yo te pwofite pataje eksperyans yo epi poze kesyon sou diferan aspè teknik ak disiplinè jwèt la.

Nan fen jounen an, direksyon Lipofu te remèsye tout abit ki te reponn prezan ak de entèvenan yo pou travay solid yo. Lig la pwofite swete tout abit yo yon bon sezon 2025-2026, kote yo espere wè yon pi bon aplikasyon lwa yo ak plis disiplin sou teren an, pou kontinye leve nivo Futsal ayisyen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )