Miche-Naider Chéry kontinye ap fè sa li konn fè pi byen nan foutbòl la, make gòl pou Violette AC nan gwo match entènasyonal yo. Atakan ayisyen an jwenn wout gòl la ankò mèkredi swa kont SV Broki, nan peyi Sirinam, pou yon viktwa 2-1 an favè Violette, atakan an kontinye ekri non li nan listwa klèb la sou sèn CONCACAF la.
Miche-Naider Chéry pa t tann twòp tan pou l montre enpòtans li nan kanpay sa. Nan premye match Violette te jwe nan Caribbean Cup 2026 la, li te deja jwenn wout gòl la kont Defence Force. Kont Delfines del Este, li pa t make, men li te patisipe dirèkteman nan aksyon ki te bay Violette viktwa a, ak yon pas li te fè pou Elyvens Déjean.
Kont SV Broki, li retounen nan wòl ki vin prèske abityèl pou li ki se bitè. Violette ranpòte match la 2-1 epi Chéry ajoute yon lòt gòl nan palmarès li sou sèn entènasyonal la, Maxime Jeanty te fè dezyèm gol la.
Si gen yon bagay ki fè pèfòmans li yo pi remakab, se paske sa pa premye fwa li ap fè diferans pou Violette nan gwo konpetisyon yo.
An 2023, pandan Violette t ap patisipe nan Ligue des Champions CONCACAF la, Miche-Naider te fè youn nan pi bèl kanpay yon jwè ayisyen te janm reyalize nan konpetisyon sa. Nan 4 match, li te make 4 gòl, yon mwayèn yon gòl pa match. Li te menm fini kòm youn nan pi bon bitè konpetisyon an.
Premye gwo demonstrasyon an te vini kont Austin FC. Violette te kreye sipriz la lè li te bat ekip MLS la 3-0, Miche-Naider te fè de gòl nan match la, nan 13èm ak 39èm minit.
Nan kadefinal yo kont Club León, li te repete menm pèfòmans lan. Malgre Violette te pèdi premye match la 5-0, ekip ayisyen an te reyaji nan match retou a pou l ranpòte l 2-1, avèk de gòl Miche-Naider Chéry. León te finalman pase sou yon total 6-2, men jwè Violette la te kite konpetisyon an ak yon estatistik ki pale poukont li, 4 gòl nan 4 match.
Twa lane aprè, atakan an toujou ap fè pale de li ak Violette. Caribbean Cup 2026 la deja bay yon lòt okazyon pou li montre regilarite li sou sèn entènasyonal la. Gòl kont Defence Force, pas kont Delfines del Este epi nouvo gòl li mete kont SV Broki a montre Miche-Naider toujou kapab pote yon kontribisyon dirèk nan rezilta ekip la.
Pou Violette AC, prezans yon jwè tankou Miche-Naider gen anpil valè. Li konnen presyon gwo match yo, li deja fè fas ak ekip MLS ak Liga MX (chanpyona Meksik), epi li gen eksperyans pou l parèt nan moman ekip la bezwen yon aksyon desizif.
Avèk 4 gòl nan 4 match nan Ligue des Champions CONCACAF 2023 a epi li kontinye jwenn gòl nan Caribbean Cup la, Miche-Naider Chéry ap konfime yon bagay, ki se lè Violette ap jwe sou sèn entènasyonal la, li toujou youn nan premye non pou advèsè yo dwe veye.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou