AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Portmore United siprann Violette Athletic Club pou premye match demifinal yo

imaj atik la

13 oktòb 2026   Gamarck Antoine   734

Violette Athletic Club pèdi 3-1 devan Portmore United, madi 13 oktòb 2026 la, nan kad premye manch demifinal Koup Karayib CONCACAF la. Rankont lan te pwograme nan Sabina Park, nan Kingston, ki nan peyi Jamayik .Malgre yo te byen kòmanse, Vye Tig yo pa t rive reziste devan presyon ekip jamayiken an nan dezyèm peryòd la.


Aprè yon premye faz san defèt, kote Vye Tig yo te ranpòte kat viktwa nan kat rankont, klèb ayisyen an te antre nan demifinal la avèk anbisyon pou kontinye bèl seri li a epi pwoche pi pre pou yon plas nan final konpetisyon an.

Violette te pran devan nan 39èm minit gras ak Jean-Fabrice Junior Vedrine ki te fè yon chelèn gòl sou yon pas Élysens Déjean. Avèk avantaj sa, reprezantan ayisyen yo te antre nan poz mitan an ak yon avantaj 1-0.

Portmore United te reyaji aprè retou nan vestyè a. Brown te egalize nan 63èm minit, li te frape ankò nan 74èm minit pou mete ekip li a devan, 2-1.

Pandan Violette t ap chèche retounen nan match la, Portmore United te kontinye mete presyon sou defans ayisyen an. Tedj te make twazyèm gòl ekip jamayiken an nan tan adisyonèl la, nan 90+5, pou fikse rezilta final la 3-1.

Defèt sa mete Violette nan yon sitiyasyon difisil anvan dezyèm manch la. Klèb ayisyen an ap bezwen yon gwo reyaksyon pou I kenbe espwa kalifikasyon li vivan epi kontinye rèv li nan konpetisyon kontinantal la.

Violette ap gen pou I chèche yon viktwa ak omwen de gòl diferans nan dezyèm manch la pou I kapab egalize sou ansanm de rankont yo epi fòse yon lòt desizyon sou kalifikasyon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )