Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF), Direksyon Abitraj ak komisyon Nasyonal Abit Ayisyen yo (CONA), mete aksan sou devlopman abitraj fanm an Ayiti ak òganizasyon yon senpozyòm (fowòm fòmasyon) nasyonal ki rasanble 50 abit fi ki sòti nan 10 depatman jewografik peyi a.
Senpozyòm nan te lanse ofisyèlman mèkredi 23 septanm, l ap dire kat jou nan lakou Pòtoprens. Aktivite a bay patisipan yo yon kad pou fòmasyon, pèfeksyònman ak pataj eksperyans, nan objektif pou ranfòse konpetans medam yo epi mete konesans yo ajou sou egzijans abitraj modèn lan.
Patisipan yo ap swiv plizyè sesyon teyorik ak teknik nan sal ak sesyon pratik ki fèt sou tèren Saint-Louis de Gonzague ak pak Sainte-Claire.
Travay yo konsantre sou prensip, metòd ak egzijans jeneral abitraj la. Apwòch sa ap pèmèt abit yo revize konesans yo, travay sou aspè teknik yo epi pataje eksperyans yo sou diferan sitiyasyon yo kapab rankontre nan kad fonksyon yo.
Senpozyòm nan ki reyini 50 jèn fi ki sòti nan diferan depatman ap bay jèn yo yon okazyon pou yo fè echanj sou eksperyans yo epi aprann youn nan men lòt. Pou òganizatè yo, kalite echanj sa yo enpòtan nan pwosesis devlopman ak pèfeksyónman ofisyèl yo.
Lansman ofisyèl aktivite a te fèt an prezans Yvon Sévère, manm komite nòmalizasyon an, Jean Markingson J. Natoux, direktè abitraj, plizyè enstriktè, ansanm ak Michelle Vanessa Gabriel Jean, responsab depatman pwoteksyon FHF la.
Senpozyòm nan se yon inisyativ direksyon abitraj FHF la, avèk sipò CONA. Li antre nan yon seri aksyon ki vize devlope, valorize epi pwofesyonalize abitraj fanm an Ayiti.
Patisipasyon 50 abit fi ki reprezante 10 depatman jewografik peyi a, pèmèt aktivite a mete yon lòt fwa ankò nesesite pou konstwi yon baz solid ofisyèl fanm ki kapab evolye nan konpetisyon nasyonal ak entènasyonal.
Pandan kat jou fòmasyon sa yo, abit yo ap travay sou konesans teyorik yo, kapasite teknik yo ak eksperyans pratik yo. Objektif la se bay yo plis zouti pou yo reponn ak egzijans abitraj foutbòl la epi kontribye nan avansman abitraj fanm nan peyi a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou