Duckens Nazon anonse li bay tout prim li te resevwa pou kalifikasyon Ayiti pou Koup Dimond 2026 la pou finanse yon pwojè ki konsantre sou edikasyon an Ayiti.
Nan yon mesaj piblik, atakan entènasyonal ayisyen an fè konnen li deside mete totalite prim kalifikasyon li an nan yon inisyativ edikatif ki deja kòmanse sou tèren an.
Nazon eksplike desizyon an pa fèt pou chèche felisitasyon, men pou mete aksan sou enpòtans aksyon konkrè an favè peyi a. Li anonse tou li pral prezante pwojè a bay piblik la nan jou k ap vini yo.
Nan mesaj li a, jwè a adrese sitou moun ki gen kapasite pou kontribye nan devlopman Ayiti, kit yo ap viv nan peyi a, kit yo aletranje. Li mete yon aksan patikilye sou dyaspora a, li envite Ayisyen yo pou yo konsidere envestisman nan peyi a, sitou nan edikasyon, jèn yo ak lavni peyi a.
Pou Nazon, yon sèl moun pa ka rezoud tout pwoblèm peyi a, men yon seri aksyon endividyèl kapab pwodwi yon enpak kolektif.
« Si chak moun pote wòch pa l, selon mwayen li, nou kapab konstwi yon bagay ki pi gran pase nou menm. »
Pwojè a poko prezante an detay, men Nazon konfime li deja an aplikasyon. Li pwomèt pou bay plis enfòmasyon sou inisyativ la nan jou k ap vini yo.
Atravè desizyon sa, Duckens Nazon chwazi mete yon pati nan benefis pèsonèl li genyen nan kalifikasyon Ayiti pou Mondyal 2026 la nan yon domèn li konsidere kòm yon envestisman pou jenerasyon k ap vini yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou