AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

LIPOFU : Gwo sispenns lakay gason yo, Aigle Noir ak Dumornay FC an fòm bò kote medam yo

imaj atik la Kredi Foto: @Lipofu

20 avril 2026   Steve Pierre   950

Ligue Port-au-Princienne de Futsal (LIPOFU) te fè gwo bri samdi 18 avril pase a nan Gymnasium Ayiti Cheri (Delmas 75). Nan kad konpetisyon Operasyon Futsal 2026, premye manch demifinal yo bay gwo rezilta ki mete anpil sispans nan mitan fanatik yo.


Nan kategori gason an, batay la te rèd anpil sou teren an. Gen de (2) ekip ki pa t ka separe yo. ADJ FC fè (2-2) ak IZI TEAM: Yon match ki te gen anpil tansyon kote de (2) ekip yo kite teren an ak yon nil. Tout bagay pral jwe nan match retou a.

Flambeau AC pran yon ti avantaj sou Santos FCF lè l bat li (2-1), men anyen poko fini pou ekip Santos la ki gen kapasite pou l chavire sitiyasyon an lòt wikenn.

Bò kote medam yo, se te yon festival gòl kote de (2) ekip domine nèt ale pou asire plas yo nan gwo final la. Se ka
Aigle Noir ki demantibile (6-0) ekip Bwakayiman an. Yon viktwa san apèl pou Aigle Noir ki te montre anpil siperyorite.

Dumornay FC pa t fè kado tou, yo kraze Shelcy FC (4-0) pou yo ka al goumen pou tit la. Fas ak ekip Aigle Noir la. Final sa ap gen yon gou revanj, paske nan kòmansman mwa avril la Aigle Noir te chanpyon sou Dumornay nan koup Top Fanfan an.

Pandan n ap pwoche nan bout sezon an, komite òganizatè a deja fikse dat pou dènye etap yo :

Samdi 25 Avril 2026: Se va gwo moman verite a pou kategori gason an ak DemiFinal Retou yo. Se la n ap konnen kiyès k ap jwenn tikè pou al jwe final la.

23 oswa 24 Me 2026: Se dat sa yo ki kenbe pou Gran Final tout kategori yo. Se pral yon gwo fèt pou Futsal ayisyen an kote tout chanpyon "Operasyon Futsal 2026" la pral kouwonnen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou