AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Repiblik Dominikèn ki kontinye ap kriye entèdi seleksyon Ayiti jwe nan enstalasyon espòtif li yo

imaj atik la

2 octobre 2026   Gamarck Antoine   1079

Gouvènman Repiblik Dominikèn pran yon desizyon ki konsène seleksyon nasyonal Ayiti a aprè viktwa 4-1 Grenadye yo te ranpòte kont ekip dominiken an nan Ligue des Nations CONCACAF la.


Minis Espò ak Rekreyasyon Repiblik Dominikèn, Kelvin Cruz, anonse vandredi 2 oktòb la seleksyon Ayiti a p.ap kapab jwe ankò nan enstalasyon espòtif peyi a. Li di desizyon an vini aprè ensidan ki te fèt nan alantou Estadio Olímpico Félix Sánchez anvan ak pandan rankont ant de seleksyon yo.

Minis lan ki sanble ap kriye akoz ayiti maspinen l ,fè konnen desizyon an baze sou règleman ki gouvène itilizasyon enstalasyon espòtif leta yo. Li estime konpòtman ki te obsève nan kad match la pa t respekte prensip ak règleman ki aplikab pou delegasyon ak sipòtè etranje yo.

Anvan match la te kòmanse, te gen yon gwo foul moun nan zòn antre Estadio Olímpico Félix Sánchez la. Daprè El Día, videyo ki te sikile sou rezo sosyal yo montre moman tansyon, pouse ak dezòd nan kèk aksè estad la. Gen gwoup moun ki te fòse kèk antre, epi youn nan pòt yo te sibi domaj. Sa ki pa nouvo e li menm konn rive nan final Ligue des Champions.

Medya dominiken yo rapòte tou tikè pou match la te deja fini, sa ki te kontribye nan gwo kantite moun ki te rasanble alantou enstalasyon an. Ajan sekirite yo te entèvni pou eseye kontwole sitiyasyon an. Aprè match la, yo te obsève pòt andomaje, malgre gwo netwayaj Ayisyen yo te fè nan Estad la medya dominiken yo di te gen fatra ak lòt siy domaj nan kèk zòn alantou estad la.

CDN rapòte menm jan an te gen dezòd nan Centro Olímpico Juan Pablo Duarte a epi yo te rapòte domaj sou youn nan pòt enstalasyon yo.

Se sou baz ensidan sa yo Minis Kelvin Cruz pran pozisyon an. Li di otorite yo pa aksepte endisiplin ni mank respè pou enstalasyon espòtif peyi a, e li anonse entèdiksyon an pou seleksyon Ayiti.

Prezidan dominiken Luis Abinader konfime li apiye pozisyon minis Espò a. Daprè deklarasyon li, pozisyon Kelvin Cruz te anonse a reprezante pozisyon gouvènman dominiken an.

Yon viktwa Ayisyen ki kite yon gou anmè nan bouch vwazen an ki pa sispann kriye depi apre match la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )