Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Faz pleyòf la pote anpil bèl espektak ak sipens nan gwoup A a. Okenn ekip poko asire pye yo pou final pleyòf la.
Katriyèm jounen pleyòf la jwe wikenn sa a nan gwoup A a. Gwoup sila a estil kenbe prestij li kòm gwoup lanmò a. Aprè 4 jounen okenn ekip poko menm prèske garanti plas yo pou final pleyòf la.
Nan gwoup sa a ki gen ladann Tempête FC, Racing FC, Baltimore SC ak FICA se sèl Racing FC ki ap trennen. Aprèsa 3 lòt ekip yo kanpe an gran toryan pou konnen kiyès nan yo ki ap kalifye.
Nan klasman an gen 3 ekip ki gen 7 pwen epi lòt grenn lan gen yon grenn pwen. Ni Ernso Datus ni Charles Herold Jr ni Joseph Kerslin poko konnen kiyès nan yo ki ap rive ale nan final la.
Vizite aplikasyon GolAyiti a pou w gade klasman an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou