Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Ligue Haïtienne Fooball la vini e ap batay pou enstore yon nouvo vizaj nan Foutbòl ayisyen an. Anpil klèb poko montre anyen nouvo sou pwomosyon sa LHF ap fè a.
Vizaj foutbòl ayisyen an ap pran yon nouvo kout penso ak òganizatè Ligue Haïtienne Football la ap mete an plas, sòti depi sou fòmil kominikasyon ak prezantasyon grafik pwogram yo, anpil chanjman kòmanse vizib nan fason chanpyona nasyonal la ap prezante.
Pandan LHF la ap mete tout bèl limyè sa yo, gen anpil klèb ki toujou kenbe menm sistèm akayik la. Move prezantasyon jwè, move grafis imaj, enfòmasyon ki ta sipoze disponib yo toujou sere nan tiwa.
Yon seri klèb tankou Ouanaminthe FC, AS Capoise, Real Hope, FICA se kèk klèb ki toujou prezante yon bèl imaj de yo. Sèl gwo pwoblèm lan, pa gen okenn klèb ayisyen ki gen yob sit entènèt ki aktif.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou