Kredi Foto: @Ligue Haïtienne de Football
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Aprè yon faz regilye ki te chaje ak tansyon, moman verite a rive nan Ligue Haïtienne de Football la. Pleyòf Seri Kloti Chanpyona Nasyonal premye divizyon an pou sezon 2025-2026 la ap demare demen, Violette ak America ap lanse batay la.
Nan faz pleyòf sa a, uit (8) ekip ki kalifye yo nou deja konnen yo. Nan Gwoup Nò a (Gwoup A), se Tempête FC, FICA, Racing FC ak Baltimore SC ki pral batay pou yon plas nan final la. Epi nan Gwoup Sid la (Gwoup B), Violette AC, America FC, Don Bosco FC ak FC Juventus se kat (4) ekip ki soti pou defann chans yo.
Nan Gwoup A a, tout je pral fikse sou rankont ant Tempête FC ak FICA nan premye jounen pleyòf yo. Match sa a ap fèt nan Pak Levelt, jou k ap jedi 9 avril, ak 4è nan aprè midi. Se yon rankont ki ka deja bay tandans sou kiyès ki pare pou domine gwoup la.
Menm jou a, Racing FC ap mezire fòs li ak Baltimore SC nan Pak Vincent nan lakou Gonayiv, toujou nan menm lè a. Yon lòt konfwontasyon ki sanble trè ouvè, kote eksperyans ka fè diferans lan.
Nan Gwoup B a, premye match la ap jwe depi Mèkredi 8 avril, kidonk demen, kote Violette AC ap fè fas ak America FC nan Pak Sainte-Thérèse, soti 4è pou rive 6è PM. Violette ki se chanpyon an tit pral eseye enpoze rit li depi nan kòmansman an.
Pou fini premye jounen an, Don Bosco FC ap rankontre FC Juventus Jedi 9 avril nan menm teren an ak menm lè a. Yon match ki kapab pote anpil entansite, sitou ak rivalite ki egziste ant de (2) ekip sa yo.
Avèk fòma pleyòf la, chak match konte anpil okenn erè pa pèmèt. Ekip ki pral montre plis regilarite, disiplin ak efikasite ap gen plis chans pou rive nan final la.
Fanatik foutbòl yo deja sou tansyon, pandan yo ap tann premye kout siflèt la ki pral make kòmansman yon faz ki toujou pote sipriz, emosyon ak gwo moman nan chanpyona ayisyen an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou