Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Pou demare sezon an nan chanpyona nasyonal la, majorite klèb yo fè fas ak anpil difikilte. Malgre tout sa yo, klèb ayisyen yo kontinye fè jefò pou wè nan ki mezi yo kapab prepare pou jwe chanpyona nasyonal la. Avèk anons ki fè konnen dat ouvèti a repòte, klèb yo kontinye jere match zanmitay pou kenbe jwè yo an janm.

Aprè klèb Ouanaminthe FC a te fin fè yon viktwa fas ASC (2-0) nan yon rankont amikal, yo planifye yon lòt randevou pou lache venn yo fas yon advèsè ki kapab domine yo nan jwe bèl foutbòl.
Match sa ki pral mete 2 ekip ki ap gen pou patisipe nan sezon 2025-2026 lig ayisyèn foutbòl lan, ap jwe sou pak Notre Dame lan nan wanament dimanch 2 novanm k ap vini la. Klèb k ap gen pou jwe rankont sa se Real Hope Football Academy ki ap gen pou fè deplasman e defye Ouanaminthe FC.
Avèk seri match amikal sa yo, klèb yo ki toujou ap trennen akoz difikilte mwayen ki lakoz kèk jwè pako ka fin enskri, gen posiblite pou demare konpetisyon an ak anpil vivasite. Kounya li rete pou nou tann ouvèti a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou