Kredi Foto: @Golayiti
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Ligue Haïtienne Football la sou premye edisyon depi li se òganizatè chanpyona nasyonal la, aprè 113 match, se pou premye fwa yon match fini ak 5 gòl ladann (Violette AC 3-2 America FC ).
Chanpyona nasyonal la ki demare depi 8 novanm 2025 lan sou 113 match. Premye tranch lan sòti nan premye jiska match retou final Pleyòf lan te gen 69 match ladan l. Pou dezyèm tranch sezon an la ki sou premye match pleyòf yo, deja gen 44 match ki jwe ladann. Sa ki bay yon total 113 match ki jwe deja nan chanpyona nasyonal la k ap òganize pou premye fwa anba yon komite endepandan ki sou titèl FHF (Féderation Haïtienne de Football) ki pote non LHF (Ligue Haïtienne de Footballl).
Pandan 113 match sa yo, se yon sèl match ki rive gen 5 gòl ladann. Se nan match ki te mete Violette AC fas ekip America FC a. Match sila a te jwe nan pak Sainte Thérèse la. Yon match ki te konte kòm premye jounen faz pleyòf Ligue Haïtienne Football la. Nan match sa a ki te gen yon bèl prestasyon foutbòl, ekip Violette AC a ta pral jwenn ouvèti eskò a sou yon penal Michenaider Chery ta pral konvèti nan 38èm minit. Aprè sa America ta pral egalize ak Jean Max ki te make 2 gòl pou ekip kayen an. Lòt 2 gòl ekip Violette yo se Exantus Clavens ak Elvens Dejean ki te make yo.
Match sila a te fini 3-2 nan avantaj ekip kapital la, sa ki tou vini premye match ki genyen 5 gòl ladan nan chanpyona a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou