Kredi Foto: @Violette AC
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Premye jounen pleyòf Seri Kloti Chanpyona Nasyonal la demare ayè ak anpil entansite nan Pak Sainte-Thérèse nan lakou Pétion-Ville, kote Violette AC fè yon viktwa enpòtan (3-2) devan America FC, nan kad Gwoup Sid la.
Nan yon rankont ki te byen angaje depi nan premye minit yo, “Vye Tig” yo te montre plis efikasite pou pran twa (3) pwen enpòtan sa yo, ki mete yo sou bon chimen nan faz final la.
Viktwa a te konstwi gras ak gòl Michenader Chéry (38’, sou penalite), Exantus Clevens (62’) ak Dejean Elyvens (70’). Bò kote ekip Sid la, Jean Max Guerrier te eseye kenbe espwa yo vivan ak yon double (58’, 61’), men sa pa t sifi pou evite defèt la.
Match la pa t sèlman make pa bèl aksyon sou teren an, men tou pa tansyon ki te eklate nan fen rankont lan. Aprè kout siflè final la, plizyè jwè ak dirijan nan America FC pa t kache fristrasyon yo, kote yo te ale dirèkteman pale ak kò abitral la pou eksprime dezakò yo sou kèk desizyon.
Malgre tout sa, Violette AC fè yon bon demaraj nan pleyòf yo, pandan America FC deja anba presyon pou pwochen match li yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou