AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Yon premye sòti reyisi pou Racing Club Haïtien (RCH)

imaj atik la

8 Novanm 2025   Jacky Chéry   1101

Sezon 2025-2026 chanpyona nasyonal premye divizyon an lanse ofisyèlman sou tèren foutbòl yo jodi samdi 8 novanm lan. Nan Parc Sainte Thérèse, Racing Club Haïtien genyen Juventus des Cayes 2-0 nan match avanse premye jounen an.


Gras ak André Wanderley nan 25èm minit epi Mackenson Rosier anvan poz mitan an (40’), Vye Lyon an byen demare sezon an nan chanpyona nasyonal premye divizyon k ap òganize sou lobedyans Ligue haïtienne football lan (LHF).

Sou tèren Sainte Thérèse lan, chanpyona nasyonal premye divizyon an reprann dwa l jan sa te anonse an. Avèk kreyasyon Ligue haïtienne football lan, yon van tou nèf soufle sou foutbòl ayisyen an, avèk yon volonte pou rann li pwofesyonèl.

Racing CH ki genyen Juventus des Cayes jodi samdi an, twouve yo nan gwoup Sid chanpyona nasyonal lan. Yon fòma ki sanble avèk sa 2 dènye edisyon chanpyona espesyal yo, ki adopte akoz divès wout nasyonal nan peyi a ki pa twò aksesib.

N ap note, Juventus des Cayes te gen posiblite pou te redwi eka eskò an nan dènye kadè match lan. Gadyen Racing Club Haïtien an ta pral kenbe penalite sa nimewo 17 Juventus lan, Markendy Claude, te tire an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )