Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Premye jounen chanpyona nasyonal la te pote gwo distraksyon ak yon match FICA kont Tempête FC. Match la fini 1-1.
Match la te anonse cho sou rezo a ant ekip FICA a ak ekip Tempête FC a. Grafis tou 2 ekip yo t ap mete piman nan kò fanatik yo. Sa ki te vin fè match sa a te gen anpil atant.
Rankont sila a ki se premye match 2 ekip yo nan konpetisyon an fini sou yon eskò 1-1. Tempête FC ki sòti Senmak te louvri eskò a gras ak yon penalite depi nan 29èm minit Rosemond Olive te konvèti. FICA pa t pran tan pou te reponn gras ak Evenson Dalys nan 26èm minit. Sèlman 3 minit aprè Tempête te fin louvri eskò a.
Match la te fini konsa, Tempête te oblije kalme kòlè l pou l bay akolad ak Kolonb yo (Fière Colombe). FICA te mande pou tanpèt, tanpèt la parèt tou limen. Men sa pa t fè Kolonb lan pè, li te bat zèl li jouk li rive bay akolad ak tanpèt la. Nan menm fyète Fair Play la, grafis tou 2 ekip yo te montre nan yon imaj 2 maskòt yo ki ap bay lamen. GolAyiti salye jès senbolik sa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou