Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Antrenè seleksyon nasyonal la Sébastien Migné nan yon konferans pou laprès fè konnen se pa souvan 23 pi bon jwè yo konvoke pou yon seleksyon men se 23 sa ki pi bon pou gwoup la.
Seleksyon nasyonal la ap gen pou antre nan dènye tranch batay 3èm faz eliminatwa Mondyal 2026 lan nan semèn sa. Antrenè fransè a te fè yon ti pale devan kamera sou dispozisyon li ak ekip la pran pou ta fè yon pi bon vizaj pou 2 dènye match yo.
Nan ti pale sa Sébastien Migné fè devan kamera FHF la sou chwa 23 jwè li seleksyone yo. Li fè konnen: "Sèl ti pwoblèm ki genyen nan chwa yon antrenè nan tèt yon seleksyon nasyonal, se pa toujou 23 pi bon jwè yo ki seleksyone men pito 23 jwè ki konpoze pi bon gwoup la".
Yon deklarasyon ki sanble bay sans ak koze ti klan anpil jounalis ak fanatik seleksyon an souvan ap denonse ki genyen nan ekip la. Yon repons ki kapab montre a klè poukisa yon seri jwè ap konvoke nan seleksyon an alòske yo pa menm ap jwe nan klèb yo.
Menm jan nou te kapab wè nan vizaj antrenè a jan li manke konfyans ak asirans devan kamera a pou pale sou seleksyon an, sa trennen anpil dout sou fason Ayiti pral abòde 2 dènye match li yo fas Kostarika (13 novanm) ak kont Nikaragwa (18 Novanm). Grenadye yo rete sèlman 2 match pou konnen ui ou non si yo ap kalifye pou Mondyal 2026 la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou