Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Ak 16 lane sèlman, Alyssa Manassé te deja mete pratikman tout piblik ayisyen an dakò sou kalite ak potansyèl li genyen. Mwa ki sot pase an, jèn defansè an te resevwa yon premye apèl pou rejwenn seleksyon senyò an.
Malgre eliminasyon avèk seleksyon U-17 la mwa pase a nan dènye faz eliminatwa CONCACAF lan, Alyssa Manassé jwenn yon lòt konvokasyon pou rejwenn rasanbleman ekip nasyonal senyò an kote Grenadye yo ap gen pou jwe 2 match eliminatwa pou Mondyal 2027.
Alyssa Sommer Manassé prezan nan lis 24 jwez Pia Sundhage konvoke pou rasanbleman sa nan kad preparasyon pou jwe nan dat 9 ak 17 avril k ap vini la kont Angiya ak Repiblik Dominikèn.
Avèk konvokasyon sa, Alyssa Manassé se pi jèn jwez ki nan gwoup k ap rasanble Gozye a. Jwez PDA Blue an pral kapab aprann de pi gran yo epi pran eksperyans ki pral kapab sèvi l pou karyè foutbòl li.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou