Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Seleksyon nasyonal ayisyèn lan tanmen dènye liy dwat eliminatwa pou Mondyal 2026 lan. Jodi jedi 13 novanm 2025 lan, Grenadye yo pral twoke kòn yo avèk seleksyon kostarikèn lan nan Kiraso, nan yon match ki kapab deside sò ekip nasyonal lan.
Grenadye yo ki twouve yo Willemstad depi lendi pase an, ap prepare yo kou mèt Jan-Jak, nan lide pou reprann yo aprè defèt yo te konnen mwa pase an fas Onndiras (0-3). Seleksyon nasyonal ayisyèn lan gen obligasyon pou genyen aswè an si l vle toujou kontinye reve yon kalifikasyon pou Mondyal 2026 lan.
Sou lòd Sébastien Migné, ekip ayisyèn lan pral eseye kenbe seri san pèdi li genyen fas Kostarika sou dènye match ki jwe yo. Sou 4 dènye match ant 2 ekip yo, Ayiti gen yon bilan yon viktwa pou twa match nil fas Ticos yo. Yon seri rezilta ki bay espwa pou Grenadye yo k ap gen pou jwe dènye match eliminatwa yo kont Nikaragwa.
Aprè 4 match, seleksyon nasyonal ayisyèn lan genyen 5 pwen nan twazyèm plas gwoup C an. Onndiras premye avèk 8 pwen, Kostarika nan dezyèm plas lan avèk 6 pwen. Yon viktwa Ayiti ap pèmèt Grenadye yo pran dezyèm plas lan epi al goumen pou kalifikasyon an nan dènye jounen an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou